Iglesia Catolica Palmariana

LEGLIZ YOUN, SEN KATOLIK, APOSTOLIK E PALMARYÈN

Legliz Katolik tout tan,
te fonde pa Senyè nou Jezikri.
Siksesyon lejitim nan Katedral Saint Pierre,
Gouvène pa Sentete li Pap Pyè III,
De Glória Ecclésiæ

Legliz Katolik tout tan, te fonde pa Senyè nou Jezikri. Siksesyon lejitim nan Katedral Saint Pierre, Gouvène pa Sentete li Pap Pyè III, De Glória Ecclésiæ

Sa se sèl sit ofisyèl de Legliz Youn, Sen, Katolik, Apostolik ak Palmaryèn, apwouve pa Pè Jeneral nan Lòd Karmelit Sen Fas la, Senteste Pap Pyè III. Pou nenpòt lòt rechèch sou Legliz Katolik Palmaryèn nan, li esansyèl pou konsilte sèlman kont medya sosyal Legliz Katolik Palmaryèn otorize yo, kèk nan gen lyen nan pati anba a nan paj sa a. Pifò lòt piblikasyon sou Entènèt la manke verite epi yo pral mete konfizyon epi yo pap presi.

Kote Legliz Katolik ki la pou toutan?

30 mas 1968, latrè Sent Vyèj Kamèl parèt pou premyè fwa devan 4 tifi nan vilaj d’El Palmar de Troya, Utrea, Seviy, Espay sou yon mastic. Pyebwa kote l te premyè fè aparisyon an, pa rete anyen ankò, paske fidèl yo koupe tout branch yo kòm relik presye. Nan espas egzat mastic la, yo mete yon ti kwa anbwa, otou li yo te konn fè priyè e vwayan te konn resevwa vizit Selès yo. Se fason sa, andwa kote Trè Sent Vyèj la te fè premye aparisyon li an te prezève. Annaprè Sen Fas Jezi ak imaj Manman nou Palmar te vin plase nan andwa sa Lentisco.

Aprè 4 premye tifi yo, lòt vwayan vin egziste ki te fè gwo eksplwa estraòdinè e ki te resevwa mesaj enpòtan ki sòti nan syèl la.

Lye Sakre sa a, ki vin jodia Syèj Sent Egliz Palmaryèn nan, te prepare pa Trè Sent Vyèj Mari depi plis pase yon syèk atravè plizyè aparisyon nan divès andwa tankou La Salette an 1846, Lourdes an 1858, Fatima an 1917, Garabandal an 1961 ak plizyè lòt espas ankò.

Se te nan lye Sakre Lentisco d’El Palmar de Troya kote pezape sitiyasyon enkyetan Legliz Katolik la te anonse, evènman ki te dwe rive legliz la nan tan k ap vini yo, pinisyon ak katastwòf pou tout limanite, ki kapab apeze sèlman pa lapriyè, penitans ak eradikasyon ideal pwogresis ki rantre byen fon nan Legliz la ki fè l mal anpil, kòm: bay Lasent Kominyon nan men, resevwa li kanpe olye ajenou, paske pè yo ak relijye pa mete soutàn ak abi relijye yo ankò.

Destriksyon Legliz la pa adilterasyon doktrin tradisyonèl li, chanjman nan litiji a, abolisyon Sen Sakrifis Lamès, detwònman Trè Sent Vyèj Mari ak anpil lòt Sen nan legliz la kondwi a kraze espirityalite yon bon kantite manm nan Legliz la.

Aprè anpil avètisman, Trè Sent Vyèj Mari kòm manman Legliz la, fè aparisyon l nan ti vilaj la kòm Divin Bèje ak Divin Doktè, li kòmanse renouvle Legliz la definitivman, paske Legliz womèn nan te twouve l sou wout apostazi. Depi lè sa a, te gen plizyè aparisyon non sèlman Sent Vyèj kòm Senyè nou an Jezi-Kris, de Papa Letènèl ak anpil lòt Sen ki t ap prepare, pezape, evènman ki t ap vini sou manman nou Legliz la. 

Plizyè lòt vwayan te kontinye resevwa mesaj yo, mirak piblik, gerizon ak lòt fenomèn mistik ki fè El Palmar atire chak moman plis peleren, non sèlman an Espay men peleren ki t ap sòti nan tout rès monn lan, y ap chache tradisyon ak verite, paske yo pat jwenn sa yo nan Legliz womèn.

Vwayan prensipal Bondye te chwazi pou pote limyè piblik, mesaj transandan yo nan El Palamr se te yon jèn gason ki sòti Seviy, li fèt le 23 avril 1946; se li menm ki te premye Gran Pap de Sent Egliz avèk Syèj li nan lye Sakre a: Grégoire XVII. Clémente Domimguez y Gomez, kòm vwayan prensipal d’El Palmar, se te non sèlman yon moun enpòtan pou mesaj yo pase, men Vyèj Mari te akonpanye l nan konble l ak anpil fòs mistik e ki te bay siy klè de prezans reyèl li nan tout aparisyon l yo paske toujou gen: anpil mirak, anpil konvèsyon, gerizon mirakile, estigamatizasyon Clemente, kominyon mistik, elatriye. Estigmat li te resevwa yo se te yon siy ki plis ke klè pou moun ki tout bon te pare pou rekonèt verite a. Apati de moman an sa yo menm, Clemente Domimguez te akonpli youn nan misyon ki pi difisil ke yon moun te kapab genyen, sepandan, avèk èd ak fòs Bondye e Trè Sent Vyèj la, li te reziste e lite avèk tenasite, kouraj pou defann verite a.

Clemente te fè anpil vwayaj al lapriyè e li te toujou envite monn nan pou vin konnen lye Sakre sa a kont dekadans, konfizyon ak tenèb ki t ap kouvri Legliz womèn nan. Malgre atak yo, kritik ak kalomni, li te toujou fidèl ak misyon ki te konfye ak li a, e li te pran kouraj ak enèji nan pran angajman difisil pou fè konnen pawòl syèl la.

Lapriyè san kanpe ansanm ak penitans konstan ke Sent Vyèj la te mande nan lye Sakre a, e pou fè tout fidèl yo pratike ak fèvè, pat tade pou pote fwi.

Kèk ane aprè, premye aparisyon, baz espirityèl la te òganize nan Òd Relijye ki pi enpòtan nan dènye tan. Òdinasyon ak Konsekrasyon manm nouvèl yeachi eklezyastik nan diferan branch ki fèt pa Kolèj Episkopal ak Apostolik la, pezape te vin plis, e ansanm, nan lye sa a yo prezève Tradisyon Katolik la. Nan lye sa, ki chwazi pou prezève pwòprete ak vitalite Katolisis e vini Syèj fiti Papote a, Palmaryen yo t ap prepare yo espirityèlman, men, li te nesesè pou yo te leve nivo yo materyèlman tou pou rive konstwi yon Tanp pou Bondye kote y ap selebre pou LI yon Kilt Vrè e nan dimansyon li, ki t ap vini pi degradan nan rès mond lan.

Konsa, nan espas Sakre kote Sent Vyèj la te fè aparisyon l pou premyè fwa, sou demand li, konstriksyon sa a fèt ki vin jodia Bazilik Katedral Manman nou Palma Kouwòne. Premye Palmaryen yo te fè anpil, anpil jefò pou rèv sa a reyalize, nan lafwa ak lapriyè plen ak konfyans ki te jwenn eko nan Pwovidans Divin lan.

Lè Pap Sen Pòl VI mouri an 1978, vwayan Clement, ki te gentan Evèk, te eli e kouwòne kòm Pap pa Senyè a pandan yon gwo aparisyon a Santa Fe de Bogota, nan peyi Kolonbi. Pap Glorye Gregoire XVII te selebre 2 Konsil Sen, Gran ak Dògmatik, ki mete limyè sou veritab jwayo Trezò Sakre de Revelasyon Divin, tankou plizyè trete doktrin ak moral. 

Jodia, vrè Pap la se li menm ki rezide a El Palmar de Troya, e ki pote non Pedro III. Li se Pap otantik, Vikè Kris la sou tè a. Tout moun ki pa avèk li, pa avèk Kris la. Sèl Pè Legliz Youn, Sent Katolik, Apostolik ak Palmaryèn, ki genyen pouvwa administre valableman Sen Sakreman yo e selebre Sen Sakrifis Lamès.

Jodia, anpil fidèl diferan nasyon ale an pelerinaj fèvan nan Lye Sakre a, pou rann omaj a Bondye e ak Latrè Sent Vyèj an reparasyon ak peche limanite. Kilt manyifisans, presye, ak pwosesyon espirityèl fèvan kenbe lafwa anvi ak anflame jiskaske Sent Egliz Palmaryèn nan pral triyonfe.

Karakteristik Vrè Legliz la

1. Legliz Kris la se; Youn, Sen, Katolik, Apostolik ak Palmaryèn:

  • Li se youn nan lafwa, paske verite Bondye revele a se menm pou tout moun; Youn nan gouvènman an, paske gen yon sèl Tèt vizib, ki se Pap la; ak Youn nan Sakreman yo, paske yo menm pou tout fidèl Legliz la.
  • Li Sen, paske Fondatè li se Sen; Doktrin li an Sen; objektif li yo ak anpil nan manm li yo se Sen.
  • Li se Katolik, paske li inivèsèl, paske li anbrase tout verite epi li adrese tout Pèp.
  • Li se apostolik, paske yeachi li ak doktrin li soti nan Apot yo.
  • Li se Palmaryèn, paske Syèj li kounye a nan El Palmar de Troya (Seville, Espay).

2. Vrè Legliz Kris la se endefektib, envensib ak endestriktib, pa pwomès Fondatè Diven li a menm: “Pòtay lanfè yo pap ka genyen batay la”.

3. Yo rele vrè Legliz Kris la tou “Legliz kretyen Palmaryen Karmelit Sent Fas” oswa “Legliz kretyèn Palmaryèn” oswa “Legliz Palmaryèn”; paske, fondamantalman, se egzakteman menm bagay lè w di “Legliz Youn, Sen, Katolik, Apostolik ak Palmaryèn la”.

4. Legliz Palmaryèn nan se sèl Legliz kretyèn ki otantik, yon non ki soti nan Kris la, Fondatè Diven li a.

5. Nan dat 6 out 1978, apre lanmò Pap Sen Pòl VI, Seyè nou an, Jezikri, akonpaye ak Apot Sen Pyè ak Sen Pòl, te chwazi epi kouwone nouvo Pap la, Sen Gregory XVII Gran. Apati moman sa a, legliz women an te sispann vrè legliz la.

6. Akoz apostazi Legliz Womèn nan, nan dat 9 out 1978, Kris la te transfere Syèj Legliz li a soti Wòm nan Palmar de Troya. Pa eleksyon Pap Sen Gregory XVII ki pi gran an, ak transfè Syèj la nan Palmar nan Troya, vrè Legliz Kris la te resevwa tit Palmaryèn nan.

7. Sentespri a se nanm yon sèl Legliz vre, sètadi Legliz Youn, Sen, Katolik, Apostolik ak Palmaryèn nan. Apa de Li, abitabilite Paraclet ki pi Sen an nan nanm pa posib.

8. Manm Legliz Palmaryèn yo konstitye Lòd Karmelit Sent Fas nan Konpayi Jezi ak Mari a, ki gen twa branch: relijye, relijyez ak fidèl Tèsyè yo.

9. Nan dat 30 jiyè 1982, Pap Sen Grégoire XVII te retire tout pouvwa nan men evèk, presbitè ak dyak andeyò vrè Legliz Youn, Sen, Katolik, Apostolik ak Palmaryèn nan. Li te retire tou karaktè sakre tout relik, imaj, objè yo itilize nan adorasyon, lotèl, elatriye, nan legliz apostazi yo, eretik ak schismatik. Anplis de sa, prezans ekaristik Kris la ak Mari te disparèt nan tout tabènak nan mond lan ki pa fè pati Legliz Palmaryèn nan.

10. Evèk yo, presbitè ak dyak ki andeyò Legliz Youn, Sen, Katolik, Apostolik ak Palmaryèn an pa gen pouvwa pou fè okenn aksyon ministè Sasèdotal la.